top of page
Rechercher

Tanpèt twopikal MELISSA : Sistèm nasyonal k ap jere risk dezas yo mete alèt wouj sou depatman Sid ak Grandans


Samdi 25 oktòb 2025.-Tanpèt twopikal MELISSA sou wout pou li tounen yon ouragan majè demen dimanch lan. Nan sans sa, risk pou ta gen inondasyon sanzatann, glismann teren ak deboulonnay tè, wo anpil.


Inite idwometeyowolojik Ayiti mete depatman Sid ak Grandans sou vijilans wouj. Yon lòt bò, Sidès, Nip ak Lwès toujou sou vijilans oranj.


Direksyon jeneral Pwoteksyon sivil, nan tèt kole ak Sistèm nasyonal k ap jere risk dezas yo, dekrete alèt wouj sou depatman Sid ak Grandans. Se poutèt sa, li mande popilasyon an, sitou sila k ap viv nan zòn malè pandye yo, pou yo rete vijilan epi swiv konsiy sa yo :


  • Rete  lakay ou si kay la solid epi si li pa nan zòn inondasyon, deboulonnnay tè ak glismann teren, oswa pre lanmè. Si w soti, w ap riske lavi w ;

  • Si zòn ou rete a konn gen inondasyon, deboulonnnay tè ak glismann tè, chèche yon kote ki lwen danje pou w abrite w ak fanmi w ;

  • Pa jan m janbe dlo k ap desann ni apye, ni sou bekàn, ni sou bèt, ni nan machin,  ni sou moto;

  • Rete lwen fenèt yo epi rete kote ki pi solid anndan kay la ;

  • Pa kite timoun yo dòmi atè pou dlo pa sipran n yo;

  • Pa ale nan lanmè. Si w te nan lanmè, tounen lakay ou ;

  • Fè solidarite ak sila ki pi fèb yo :  granmoun, moun ki gen andikap fizik ak timoun yo;

  • Mete zafè w ak papye enpòtan w yo an sekirite;

  • Toujou koute megafòn, radyo, gade televizyon, swiv entènèt pou w jwenn bon jan enfòmasyon sou sa k ap pase.


             - Finisman -

 
 
 
bottom of page