top of page
Rechercher

Ouragan MELISSA : Sistèm nasyonal k ap jere Risk Dezas yo leve alèt la sou tout peyi a


ree

Sistèm nasyonal k ap jere Risk Dezas yo, ansanm ak Direksyon Jeneral Pwoteksyon sivil leve alèt la sou tout peyi a.


Se Minis enteryè ak kolektivite teritoryal yo, M. Paul Antoine Bien-Aimé ki fè anons ofisyèl sa nan yon konferans pou laprès jodi jedi 30 oktòb sa, nan Sant Operasyon ijans nasyonal ki tabli nan lokal Pwoteksyon sivil la.


Desizyon sa pran paske Ayiti pa anba enfliyans ouragan MELISSA ankò. Pou kounye a, li sou wout peyi Bèmid ak yon vitès 33 kilomèt chak èd tan (33km alè). Men m si alèt la leve, popilasyon an dwe rete veyatif akòz aktivite lapli k ap kontinye tonbe.


Sistèm nasyonal k ap jere Risk Dezas yo, nan tèt kole ak Direksyon Jeneral Pwoteksyon sivil ap kontinye mande popilasyon an pou li swiv konsiy sa yo :


•⁠ ⁠Pa janm janbe dlo k ap desann ni apye, ni sou bekàn, ni sou bèt, ni nan machin, ni sou moto ;


•⁠ ⁠Pa pran lanmè sou ti kannòt ( bwafouye) nan moman sa ;


•⁠ ⁠Pa fè gwo deplasman, ale nan mòn oswa larivyè lwen lakay ou;


•⁠ ⁠Toujou koute megafòn, radyo, gade televizyon pou w ka jwenn bon jan enfòmasyon sou sa k ap pase ;



Finisman

 
 
 

Posts récents

Voir tout
Melissa: Point de situation 6A

Bilan partiel de l’ouragan Melissa L'ouragan Melissa a frappé Haïti, causant des pertes humaines et matérielles, principales conséquences des pluies intenses (jusqu’à 400 mm), des vents parfois violen

 
 
 
Melissa: Rapport de situation #6

Faits saillants À ce jour, le bilan humain s’élève à 31 décès enregistrés dans les départements de l’Ouest, du Sud-Est, de l’Artibonite, des Nippes et de la Grande Anse. Cet après-midi, une conférence

 
 
 
bottom of page