đđđ đđđđđ đđ đđđđ đđđđđ : đđđđđđđđđđ đđđđđ đđđđđ đđđđđđđđđđ đđ đđđđ đđđđđđđ

đđšÌđđšđ©đ«đđ§đŹ, đŻđđ§đđ«đđđą đđ đšđ€đđšÌđ đđđđ â Inite Idwometeyowolojik Ayiti nan tĂšt kole ak Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ak Sekretarya PĂšmanan k ap jere Risk Dezas yo, kenbe alĂšt jĂČn gwo lapli ak risk loray nan depatman đđ«đđ§đđđ§đŹ, đđąđ, đđąđ© đđ€ đđąđđÌđŹ. Depatman LwĂšs la retounen nan nivo vijilans vĂšt.
Move tan sa ka charye Gwo lapli ak rafal van k ap soufle ant 40 ak 60 kilomĂšt chak Ăšd tan depi jodi vandredi a pou rive demen samdi 24 oktĂČb la. Kantite lapli a ka rive 80 oubyen 100 milimĂšt chak sizĂš (6), oswa plis nan zĂČn montay yo sitou. Sitiyasyon sa a kapab lakĂČz inondasyon rapid ak glisman tĂš.
đđ°đšđđđ€đŹđČđšđ§ đŹđąđŻđąđ„ đđ© đ€đšđ§đđąđ§đČđ đŠđđ§đđ đ©đšđ©đąđ„đđŹđČđšđ§ đđ§ đ©đšđź đ„đą đŹđ°đąđŻ đ€đšđ§đŹđÌđČ đŹđ đČđš:
âȘïž Suiv bilten meteyo ak konsiy otorite yo;
âȘïž Evite deplasman ki pa nesesĂš nan zĂČn malĂš pandye yo;
âȘïž Pa travĂšse rivyĂš k ap desann ak fĂČs ni wout ki inonde;
âȘïž Sekirize kay nou epi prepare yon kit ijans.
#alĂštJĂČnđĄ




Commentaires