top of page
Rechercher

𝐆𝐰𝐨 𝐥𝐚𝐩𝐥𝐢 𝐚𝐤 𝐤𝐨𝐮𝐭 𝐥𝐨𝐫𝐚𝐲: 𝐒𝐢𝐬𝐭𝐞̀𝐦 𝐍𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧𝐚𝐥 𝐤 𝐚𝐩 𝐉𝐞𝐫𝐞 𝐑𝐢𝐬𝐤 𝐃𝐞𝐳𝐚𝐬 𝐲𝐨 𝐝𝐞𝐤𝐫𝐞𝐭𝐞 𝐚𝐥𝐞̀𝐭 𝐣𝐨̀𝐧 𝐬𝐨𝐮 𝟓 𝐝𝐞𝐩𝐚𝐭𝐦𝐚𝐧 𝐧𝐚𝐧 𝐩𝐞𝐲𝐢 𝐚

il y a 2 minutes
1 min de lecture

𝐏𝐨̀𝐭𝐨𝐩𝐫𝐞𝐧𝐬, jedi 22 oktòb 2026-Yon sant bas presyon ki lokalize nan direksyon sant ak nòdwès lanmè Karayib la ap pote gwo lapli ak kout loray sou depatman Grandans, Sid, Nip, Sidès ak Lwès.


Enpak move tan sa a ap kòmanse depi aprèmidi a epi kontinye jiska vandredi 23 oktòb la.


Lapli sa yo, ki ka rive ant 50 ak 100 milimèt, ansanm ak gwo van, ka lakòz inondasyon ak deboulonnay tè nan zòn ki gen danje yo.


Inite Idwometeyowolojik, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ak Sekretarya Pèmanan k ap jere Risk Dezas yo dekrete ALÈT JÒN gwo lapli.


Yo mande popilasyon an, sitou moun k ap viv nan zòn ki malè pandye yo, pou yo rete vijilan epi respekte konsiy sekirite sa yo:


▪️ Toujou suiv bilten meteyo ak konsiy otorite yo ak Pwoteksyon Sivil. Pa koute rimè;


▪️ Toujou koute radyo, gade televizyon epi suiv enfòmasyon ofisyèl yo pou jwenn bon jan enfòmasyon sou sitiyasyon an;


▪️ Mete zafè ak tout papye enpòtan nou yon kote ki asire, pou dlo pa pote yo ale;


▪️ Prepare pwovizyon pou plizyè jou, tankou manje ki pap gate, dlo pou bwè, pil (batri), radyo, flach ak medikaman, pou sizoka nou pa ta ka soti;


▪️ Evite deplase ale nan mòn oswa pre larivyè lè lapli ap tonbe.


-𝐅𝐢𝐧𝐢𝐬𝐦𝐚𝐧-



 
 
 

Commentaires


bottom of page