top of page
Rechercher

MELISSA, yon ouragan nivo 5 : Sistèm nasyonal k ap jere risk dezas yo kenbe alèt wouj sou depatman Sid ak Grandans

Lendi 27 oktòb 2025.- MELISSA tounen yon ouragan majè, kategori 5. Li toujou ap deplase dousman nan vitès 6 kilomèt nan direksyon Lwès peyi a. Li ka pote lapli (soti 200 pou rive 400 mm lapli), rafal van ak gwo risk pou ta gen inondasyon britsoukou, deboulonnnay tè ak glismann teren, jodia ak demen madi a.

Pwoteksyon sivil ak Sistèm nasyonal k ap jere risk dezas yo kenbe alèt wouj sou depatman Sid ak Grandans. Li mete depatman Lwès, Nip, Latibonit ak Nòdwès anba alèt oranj, alòske Sidès anba alèt jon.


Nan sans sa, li mande popilasyon an, espeyalman moun k ap viv nan zòn malèpandye yo, pou yo swiv konsiy sa yo :


  • Si zòn ou rete a konn gen inondasyon, deboulonnnay tè ak glismann teren, chèche yon kote ki lwen danje pou w abrite w ak fanmi w ;


  • ⁠Pa jan m janbe dlo k ap desann ni apye, ni sou bekàn, ni sou bèt, ni nan machin, ni sou moto;


  • Rete lwen fenèt yo epi rete kote ki pi solid anndan kay la ;


  • Pa kite timoun yo dòmi atè pou dlo pa siprann yo;


  • Pa ale nan lanmè. Si w te nan lanmè, tounen lakay ou ;


  • ⁠Mete zafè w ak papye enpòtan w yo an sekirite;


  • Toujou koute megafòn, radyo, gade televizyon, swiv entènèt pou w jwenn bon jan enfòmasyon sou sa k ap pase.


- Finisman-


 
 
 

Commentaires


bottom of page