top of page
Rechercher

𝐅𝐰𝐨𝐧 𝐟𝐰𝐚: 𝐒𝐢𝐬𝐭𝐞̀𝐦 𝐧𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧𝐚𝐥 𝐤 𝐚𝐩 𝐣𝐞𝐫𝐞 𝐫𝐢𝐬𝐤 𝐝𝐞𝐳𝐚𝐬 𝐲𝐨 𝐝𝐞𝐤𝐫𝐞𝐭𝐞 𝐚𝐥𝐞̀𝐭 𝐣𝐨̀𝐧 𝐬𝐨𝐮 depatman Nò, Nòdès ak Nòdwès


Mèkredi 22 avril 2026.- Fwon fwa ki chita nan rejyon nò peyi a ak lòt kondisyon meteyo ap kontinye pote aktivite lapli ak kout loray nan depatman Nò, Nòdès, Nòdwès, Latibonit, Sid, Sidès, Nip, Grandans ak Lwès, nan finisman jounen an ak aswè a.


Inite Idwometeyowolojik Ayiti prevwa anpil lokalite nan depatman sa yo preske pa ka kenbe dlo ankò. Sa ka lakòz inondasyon britsoukou nan plizyè zòn nan depatman Nò,Nòdès ak Nòdwès.


Sistèm nasyonal k ap jere risk dezas yo, ansan m ak Direksyon jeneral Pwoteksyon sivil, mete alèt jòn gwo lapli sou deptaman Nò, Nòdès ak Nòdwès, epi mande popilasyon ki rete nan zòn ki abitye inonde yo, swiv tout konsiy otorite yo:


▪️ 𝑻𝒐𝒖𝒋𝒐𝒖 𝒔𝒘𝒊𝒗 𝒃𝒊𝒍𝒕𝒆𝒏 𝒎𝒆𝒕𝒆𝒚𝒐 𝒂𝒌 𝒌𝒐𝒏𝒔𝒊𝒚 𝒐𝒕𝒐𝒓𝒊𝒕𝒆 𝒚𝒐 𝒂𝒌 𝒑𝒘𝒐𝒕𝒆𝒌𝒔𝒚𝒐𝒏 𝒔𝒊𝒗𝒊𝒍. 𝑷𝒂 𝒌𝒐𝒖𝒕𝒆 𝒓𝒊𝒎𝑒̀.


▪️𝑻𝒐𝒖𝒋𝒐𝒖 𝒌𝒐𝒖𝒕𝒆 𝒓𝒂𝒅𝒚𝒐, 𝒈𝒂𝒅𝒆 𝒕𝒆𝒍𝒆𝒗𝒊𝒛𝒚𝒐𝒏, 𝒔𝒖𝒊𝒗 𝒆𝒏𝒕𝒆̀𝒏𝒆̀𝒕 𝒑𝒐𝒖 𝒘 𝒋𝒘𝒆𝒏𝒏 𝒃𝒐𝒏 𝒋𝒂𝒏 𝒆𝒏𝒇𝒐̀𝒎𝒂𝒔𝒚𝒐𝒏 𝒔𝒐𝒖 𝒔𝒂 𝒌 𝒂𝒑 𝒑𝒂𝒔𝒆.


▪️𝑴𝒆𝒕𝒆 𝒛𝒂𝒇𝒆̀ 𝒂𝒌 𝒕𝒐𝒖𝒕 𝒑𝒂𝒑𝒚𝒆 𝒆𝒏𝒑𝒐̀𝒕𝒂𝒏 𝒘 𝒚𝒐𝒏 𝒌𝒐𝒕𝒆 𝒌𝒊 𝒂𝒔𝒊𝒓𝒆 𝒑𝒐𝒖 𝒚𝒐 𝒑𝒂 𝒑𝒓𝒂𝒏 𝒅𝒍𝒐.


▪️ 𝑭𝒆̀ 𝒑𝒘𝒐𝒗𝒊𝒛𝒚𝒐𝒏 𝒑𝒐𝒖 𝒑𝒍𝒊𝒛𝒚𝒆̀ 𝒋𝒐𝒖 𝒎𝒆𝒕𝒆 𝒏𝒂𝒏 𝒌𝒂𝒚 𝒍𝒂 (𝒎𝒂𝒏𝒋𝒆 𝒌𝒊 𝒑 𝒂𝒑 𝒈𝒂𝒕𝒆, 𝒅𝒍𝒐 𝒑𝒐𝒖 𝒘 𝒔𝒆̀𝒗𝒊 𝒂𝒌 𝒅𝒍𝒐 𝒕𝒓𝒆𝒕𝒆 𝒑𝒐𝒖 𝒘 𝒃𝒘𝒆̀, 𝒑𝒊𝒍 [𝒃𝒂𝒕𝒓𝒊], 𝒓𝒂𝒅𝒚𝒐, 𝒇𝒍𝒂𝒄𝒉, 𝒎𝒆𝒅𝒊𝒌𝒂𝒎𝒂𝒏...) 𝒑𝒐𝒖 𝒔𝒊𝒛𝒐𝒌𝒂 𝒐𝒖 𝒑𝒂 𝒌𝒂 𝒔𝒐𝒕𝒊.

▪️𝑷𝒂 𝒇𝒆̀ 𝒈𝒘𝒐 𝒅𝒆𝒑𝒍𝒂𝒔𝒎𝒂𝒏 𝒂𝒍𝒆 𝒏𝒂𝒏 𝒎𝒐̀𝒏 𝒐𝒔𝒘𝒂 𝒑𝒓𝒆 𝒍𝒂𝒓𝒊𝒗𝒚𝒆̀ 𝒍𝒘𝒆𝒏 𝒍𝒂𝒌𝒂𝒚 𝒐𝒖.


-𝐅𝐢𝐧𝐢𝐬𝐦𝐚𝐧-

 
 
 

Posts récents

Voir tout
𝐆𝐀𝐂𝐈 : 𝐩𝐨𝐮𝐫 𝐮𝐧𝐞 𝐜𝐨𝐨𝐩𝐞́𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧 𝐢𝐧𝐭𝐞𝐫𝐧𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧𝐚𝐥𝐞 𝐬𝐭𝐫𝐮𝐜𝐭𝐮𝐫𝐞́𝐞 𝐞𝐭 𝐮𝐧𝐞 𝐫𝐞́𝐬𝐢𝐥𝐢𝐞𝐧𝐜𝐞 𝐫𝐞𝐧𝐟𝐨𝐫𝐜𝐞́𝐞

𝐏𝐞́𝐭𝐢𝐨𝐧-𝐕𝐢𝐥𝐥𝐞, 𝐣𝐞𝐮𝐝𝐢 𝟐𝟔 𝐦𝐚𝐫𝐬 𝟐𝟎𝟐𝟔.— La première réunion ordinaire trimestrielle du Groupe d’appui de la coopération internationale (GACI) de l’année s’est tenue ce jeudi 26 m

 
 
 

Commentaires


bottom of page