𝐊𝐨𝐦𝐢𝐭𝐞 𝐍𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧𝐚𝐥 𝐉𝐞𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐑𝐢𝐬𝐤 𝐚𝐤 𝐃𝐞𝐳𝐚𝐬 𝐲𝐨 𝐟𝐞̀ 𝐩𝐫𝐞𝐦𝐲𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝟒 𝐫𝐚𝐧𝐤𝐨𝐧𝐭 𝐥𝐢 𝐩𝐨𝐮 𝐚𝐧𝐞 𝐚
- Protection Civile
- 22 mai
- 2 min de lecture
𝐏𝐨𝐫𝐭-𝐚𝐮-𝐏𝐫𝐢𝐧𝐜𝐞, 𝐥𝐞 𝟏𝟕 𝐚𝐯𝐫𝐢𝐥 𝟐𝟎𝟐𝟓 .- Komite Nasyonal Jesyon Risk ak Dezas yo òganize, jodi jedi 17 avril 2025 lan, yon reyinyon enpòtan, ki se premye nan 4 rankont li gen pou fè pou ane a.
Premye Minis, Alix Didier Fils-Aimé, ansanm ak Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal la, te lanse diskisyon yo nan biwo chèf Gouvènman an.
Pandan rankont sila, ekip Pwoteksyon Sivil la te prezante estrikti ak fonksyònman Sistèm Nasyonal Jesyon Risk ak Dezas la, ansanm ak wòl ògàn Sistèm nan, tankou Sekretarya Pèmanan Jesyon Risk ak Dezas (SPGRD) nan peyi a.
Se te yon opòtinite pou Direktè Jeneral Pwoteksyon Sivil la, Emmanuel Pierre, mete aksan sou gwo aksyon ki deja lanse pou prepare sezon siklonik 2025 lan, ak dispozisyon ijans ki prevwa pou fè fas ak divès malè pandye, nan kontèks gwo vag vyolans popilasyon an ap sibi depi kèk tan nan zòn metwopolitèn nan ak kèk lòt vil pwovens.
Mesye Pierre te fè yon rale sou divès reyalizasyon ak inisyativ DGPC deja mete sou pye pou ranfòse kapasite prevansyon ak repons atravè tout peyi a.
Direktè Jeneral Pwoteksyon Sivil la renouvle angajman enstistisyon an pou kontinye pote èd ak asistans bay popilasyon vilnerab yo.
-𝐅𝐢𝐧𝐢𝐬𝐦𝐚𝐧-
𝐏𝐫𝐞𝐦𝐢𝐞̀𝐫𝐞 𝐫𝐞𝐧𝐜𝐨𝐧𝐭𝐫𝐞 𝐭𝐫𝐢𝐦𝐞𝐬𝐭𝐫𝐢𝐞𝐥𝐥𝐞 𝐝𝐮 𝐂𝐨𝐦𝐢𝐭𝐞́ 𝐧𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧𝐚𝐥 𝐝𝐞 𝐠𝐞𝐬𝐭𝐢𝐨𝐧 𝐝𝐞𝐬 𝐫𝐢𝐬𝐪𝐮𝐞𝐬 𝐝𝐞 𝐝𝐞́𝐬𝐚𝐬𝐭𝐫𝐞, 𝐚̀ 𝐥’𝐚𝐩𝐩𝐫𝐨𝐜𝐡𝐞 𝐝𝐞 𝐥𝐚 𝐬𝐚𝐢𝐬𝐨𝐧 𝐜𝐲𝐜𝐥𝐨𝐧𝐢𝐪𝐮𝐞 𝐦𝐨𝐲𝐞𝐧𝐧𝐞 𝐝𝐞 𝟐𝟎𝟐𝟓
𝐏𝐨𝐫𝐭-𝐚𝐮-𝐏𝐫𝐢𝐧𝐜𝐞, 𝐥𝐞 𝟏𝟕 𝐚𝐯𝐫𝐢𝐥 𝟐𝟎𝟐𝟓 .- Le Comité national de gestion des risques de désastre a organisé, le jeudi 17 avril 2025, sa première rencontre trimestrielle dans les locaux de la Primature, à Port-au-Prince.
Présidé par le Premier ministre, ce comité regroupe l’ensemble des ministres du gouvernement. La réunion s’est tenue en présence du chef du gouvernement, Alix Didier Fils-Aimé, du ministre de l’Intérieur et des Collectivités territoriales, Paul Antoine Bien-Aimé, d'autres membres du cabinet ministériel, ainsi que du président de la Croix-Rouge haïtienne.
Lors de cette rencontre, le directeur général de la Protection civile a présenté la structure, le rôle et le fonctionnement des différents organes du Système national de gestion des risques de désastres, y compris le Secrétariat permanent de gestion des risques et désastres (SPGRD).
À l’approche de la saison cyclonique 2025, et dans un contexte marqué par la persistance des violences armées, le directeur général de la Protection civile, Emmanuel Pierre, a exposé les grandes lignes des préparatifs ainsi que les mesures d’urgence prévues pour faire face aux aléas naturels.
Cette rencontre marque une étape cruciale dans la consolidation des efforts interinstitutionnels en matière de gestion des risques de désastre en Haïti. En pleine saison pluvieuse et à l’aube de la saison cyclonique, la direction générale de la Protection civile, dans la foulée du CNGRD, réaffirme sa détermination à protéger les populations vulnérables.
Pour étayer l’engagement de la Protection civile à assister les personnes à risque, Monsieur Pierre a mis en lumière les réalisations et les perspectives visant à renforcer les capacités de prévention et de réponse des communautés à travers tout le territoire. Ces efforts témoignent d’une volonté ferme de bâtir une réponse institutionnelle plus résiliente, efficace et adaptée aux réalités du pays.
-FIN-
Коментарі