Ouragan MELISSA: Sistèm nasyonal k ap jere risk dezas yo mete depatman Grandans ak Sid sou alèt wouj
- Protection Civile
- il y a 2 jours
- 2 min de lecture
Dernière mise à jour : il y a 7 heures
Samdi 25 oktòb 2025.- Sistèm nasyonal k ap jere risk dezas yo, nan tèt kole ak direksyon jeneral Pwoteksyon sivil mete depatman Grandans ak Sid peyi a sou alèt wouj (siklòn), alòske Sidès, Nip ak Lwès toujou sou alèt oranj. Anons sa fèt nan yon konferans pou laprès otorite yo bay nan Sant operasyon ijans nasyonal, samdi 25 oktòb 2025.
Se minis Enteryè ak Kolektivite teritoryal yo, M. Paul Antoine Bien-Aimé ki fè deklarasyon ofisyèl sa bò kote prezidan konseye sa yo: MM. Leslie Voltaire ak Fritz Alphone Jean, direktè jeneral Pwoteksyon sivil la, M. Emmanuel Pierre, minis Sante piblik ak Popilasyon an M. Sinal Bertrand ak kad teknik nan Inite Idwometeyowolojik Ayiti.
Grandans ak Sid sou alèt wouj vle di ouragan MELISSA ap pase nan rejyon sa yo kanmen m. Konsekans yo ka fèb, konsa tou li ka fè gwo dega, dapre direktè jeneral Pwoteksyon sivil la, M. Emmanuel Pierre. Kidonk, pasaj ouragan sa ka pote gwo lapli (150 pou rive 300 mm lapli), gwo van ak lawoul.
Depatman Grandans kòmanse pa ka pran dlo ankò, dapre teknisyen Inite Idwometeyowolojik peyi a. Sa vle di, tout dlo k ap tonbe sou sòl la se inondasyon l ap bay. Konsekans : moun ka pèdi lavi yo, wout ak pon ka koupe, epi jaden ak lòt materyèl ka kraze.
Plizyè komin gentan inonde. Men m komin ki pa sou alèt wouj ni oranj tankou St Suzanne gentan inonde, dapre prezidan konseye M. Fritz Alphonse Jean. Nan depatman Sid, 335 moun gentan nan abri pou ti bout tan. Sa yo, se konsekans endirèk ouragan MELISSA ki sou wout pou li tounen yon ouragan majè apati demen dimanch lan.
Direksyon jeneral Pwoteksyon sivil, nan tèt kole ak Sistèm nasyonal k ap jere risk dezas yo mande popilasyon an, sitou sila k ap viv nan zòn malè pandye yo, pou yo rete vijilan epi swiv konsiy sa yo :
Rete lakay ou si kay la solid epi si li pa nan zòn inondasyon, deboulonnnay tè ak glismann teren, oswa pre lanmè. Si w soti, ou ka pèdi lavi w ;
Si zòn ou rete a konn gen inondasyon, deboulonnnay tè ak glismann teren, chèche yon kote ki lwen danje pou w abrite w ak fanmi w ;
Pa jan m janbe dlo k ap desann ni apye, ni sou bekàn, ni sou bèt, ni nan machin, ni sou moto;
Rete lwen fenèt yo epi rete kote ki pi solid anndan kay la ;
Pa kite timoun yo dòmi atè pou dlo pa sipran n yo;
Pa ale nan lanmè. Si w te nan lanmè, tounen lakay ou ;
Fè solidarite ak sila ki pi fèb yo : granmoun, moun ki gen andikap fizik ak timoun yo;
Mete zafè w ak papye enpòtan w yo an sekirite;
Toujou koute megafòn, radyo, gade televizyon, swiv entènèt pou w jwenn bon jan enfòmasyon sou sa k ap pase.
- Finisman-
























Commentaires